lundi 29 avril 2019

Se yon bèl bagay lè wap gade yon moun ou wè li bèl, fre epi lè li ouvè bouch li li konn sa lap di. Nap viv nan yon mond kote sosyete a akòde anpil enpòtans avèk rad ou mete sou ou. Gen moun ki abiye swa pou imite yon moun ,oubyen pou fé wè ke yo ka posede dènye modèl rad la. Yo bliye si abiye se plis ke sa, se pa yon travay ki fasil. Planèt Chik kreye avek ideoloji sa, fè edikasyon moun yo sou koze abiman, toujou branche yo sou tout dènye modèl yo, fasilite yo pou yon jwenn nenpòt modèl rad yo bezwen yo à yon bon pri. Konsèp Chik la pa Chita selman sou sa wap mete sou ou , li enpotan pou nou chik nan lespri nou se sak fè nou toujou asire nou ou jwenn yon ti ribrik sou mòd de tanzantan sou paj Facebook, Whatsapp biznis lan. Kite nou pran swen de ou, fè nou konfyans. Si ou pa satisfè nap remèt ou kòb ou.
Ou menm ki poko abone pa bliye fè li epi envite zanmi ou pou chèn nan grandi.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire